Skip to content

Events

COVID-19 Vaccine Information in Haitian Creole

Nou envite ou nan yon sesyon enfòmasyon konsènan vaksen COVID-19 yo.  Nou gen on ekip panelis pou pale sou kesyon moun genyen souvan konsènan vaksen yo, tankou sekirite ak efikasite lejann yo,  epi yo pral pataje dènye enfòmasyon ki pi ajou yo konsènan kimoun ki kalifye pou pran vaksen yo ak koman pou pran yon randevou. Patisipan yo pral gen posibilite pou poze kesyon tou.

Panelis yo se Sonnly Ribourg, PA , Jean Bernard Jeune, Dominique Jean, RN., BSN.  Yo ap reponn tout kesyon  an kreyol pou tout moun ka konprann. Fok ou rejistre pou ou patisipe.  Le’w fini rejistre, nap voye a link zoom 24èdtan anvan nou komanse.  Si ou paka vini, ou byen si ou paka rete tout tan an, nap anrejistre evènman pou pèmèt moun ka gade li apre; se sèlman panelis yo ki pral parèt nan videyo pandan nou ap swiv enfòmasyon sou Zoom.

  • Date

    May 19, 2021 6:00 pm – 7:00 pm

Register